Depi Sou tan lendepandans rayisman ak jalouzi ki grennen divizyon pa janm sispann Fe granpanpan anndan ti sosyete sa ki pote non peyi Dayiti,Ayiti kiskeya ou boyo,ansyen "perle Des Antilles",aktyel Ayiti Toma kap dirije pa neg Bannann Nan.
ti mo twa silab sa Fe nou pedi papa Repiblik la ak anpil lot Grenadye
menm apres plis ke 200 lane sa, ze kouve divizyon pa janm sispann kale,e sa fe gwo katafal lapenn pou n kontinye ap viv menm kopi kole sa yo.Viris sa semante kel se lafimen pa gen lakou lipap antre,pa gen nan tou pot li pap fofile e pa gen fetay kay nan teritwa sa ki two wo pou li poul pa vinn enstale l.
nan bon franse: La preuve en est grande wap we
legliz divize pastè ap beef paste ,djak ak beef djak, Fidel AP beef fidel.le sentespri paka fe travay li.
pati politik fet ,l kraze pou lot refet ,sa rekraze pou grennen ti pati nan ti pati Fe peyi a paka vanse
menm nan mizik la, gen neg ki pase group pase nonb de mizik li chante Nan tout karye li.group kraze ,chante al nan lot group,group rekraze fanatik ap soufri.
On ti refleksyon eske sa pa ta dwe change?
eske l avantaj sosyete a?

Aucun commentaire:
Enregistrer un commentaire