focus: DOULE

vendredi 26 mai 2017

DOULE


doule
npa we selman nwa ,n we tout koule
pa gn jou pa gn nwit nap brase tout le
sann pa kye malfekte k ka bay kout le
nan zorey nou menm van lespwa pa fe toute

doule

ti trip mare gwo trip vant kap kode
anba rigwaz dezolasyon nap tode
nou pa bet kat pat tankou n antotye
nou detenn tankou kabrit yap koche
nou pa mazora n gen dan n pa sa mode

doule
Ata menm zareyen krab pa nan tou'n
menm manje gou pa nan gou'n
chodye san gres dodomiya sou fou'n
pa gen pot soti nan toupatou'n

doule
menm nan alez ou w malalez, son pres
 la refleksyon fe n pran konpres,son stres
tout se lekol lavi ,menm lew soupi, son tes
.....................................................................






 EXTRAIT DU TEXTE DOULE
           GFT ,LE CONSULTANT

Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire