Kachkachinkola seliben welewele bwèt
Ralba bouchon kola pa woulepa gen abit san souflèt
Kreyòl kremol pran kout ba se awayou kòmanvati
Kilti kilbite, wi li te kilti wi li mal bati

(Marcus Dorvil)
Mwen fin rive konprann prkisa jounen jodi a ti moun pa jwe marel ankò
Yo chalbore kilti nou tribò pa bò Medame yo vin pa jwe roslè ankò
Tekonoloji vini boykote kilti ,nou ekri let pa alamòd ankò
Sa ki koz menm lanmou pedi rekò
Nou menm nan mande kiyes nan ki gen tò

(Judson Le sage)
M pap bay manti vyej pete na wè twop kokoday ak vwazinay
lasi avegleman gonmen kwen je,n'pa we sin pran nan foulay
Peripesi'n nan peyi isi sanble lave men siye atè,pou granmesi
Anbysyon'n pete potay alamaskay li fout avili tout foli gran dezi

(Gft Jean)
Kilti pran egzil nan dezè a li trepase
Ziltik akiltirasyon vin pi pre depase
Ou wè nan tou zidan sa dwèt mitanw ap pran zikòs
soperye sote kòd sa a manje mango pen nan sòs
Ziltik akiltirasyon vin pi pre depase
Ou wè nan tou zidan sa dwèt mitanw ap pran zikòs
soperye sote kòd sa a manje mango pen nan sòs
(Marcus Dorvil)
Mwen pral nan klas
Mwen pap ka di plis men mwen santim elas
Pou map gade koman raboday nan vi jenes la jwe 1er klas
De nos jour pyes moun pa ale chas
Sa ki koz nou tout ap tann kras
Vye poul blanch nan dominiken ki plen odas

(judson Le sage)
Gran tizè pyajè vinn vòlè
yo pran yale yo di na wè
Sak di'n,Tranpe pen nan kafe bay kè plen depi kilè
Nouvel jenerasyon inyore gonfle midi pete de zè
Tòkèt respè'n tonbe,bonèt ochan'n chavire'n san valè

Nan boukannen lam bazilik piman kisak pa bon?
Nan boukannen dous kokonèt fresko kisak makawon
Plis tonmtonm jeremi plis kasav ba linbe
Kann kale ladouskivyen kachiman kenbe
Nan boukannen dous kokonèt fresko kisak makawon
Plis tonmtonm jeremi plis kasav ba linbe
Kann kale ladouskivyen kachiman kenbe
(Marcus Dorvil)
Lakay yo met pye e fè dega san rete
Denye richès ak patrimwan yo elimine
Yo fén pa kwè nan tèt nou, frè´n ak sè´n yap itilize
Sa nou gen ki bon yo fén jete, ata kochon´n yo devaste
E sak fé´m mal jiskaprezan pa gen pèson pou di ase

(Jeremi Denzel)
Lajenes se abraram nou'k pou di sètase,
sera seta Nou miwo miba,Bwa mare
drapo kilti'n flote twò ba Nou pa moun loray kale
,gon makadan zanset sou po'n
Kole pyese 'n nan linite,nou tout ladan'n gon chay sou do'n

Pa gen fyète nan tete mwèl
Chagren fè te vèvèn pete fyèl
Kilti nou se fòs ak figi nou
Wi, kwèdèk pawòl nou sanlè pèdi peyi nou
Chagren fè te vèvèn pete fyèl
Kilti nou se fòs ak figi nou
Wi, kwèdèk pawòl nou sanlè pèdi peyi nou
(Marcus Dorvil)
Yo bann tout defo e di nou pa sivilize
N´gen twop defo, bo kote´n moun nou paka rete
Yo sal imaj nou, avek nou zòt pè koabite
San yo pa remake c ti kob yap bay anba anba
Pou jwe nan lide sak pi ba,
Ki lakoz nou paka solidè youn ak lòt,
Ki lakoz youn plis anvi manje lòt,
Epi pou deklare ke c misyon enposib,
pase´n nan rizib…

Aucun commentaire:
Enregistrer un commentaire