W met kwe alam dlo je sonnen, nap li pete
Ak de ran dlo w met kwe m gen yon je'k bade
Paske le sipriz lavi fe soplake ke kontan chanbade
Men Ak yon ti nosyon sou konpreyansyon la rezon
M pap oze di'w garder le son et le ton
Se vre kòmè, nouvel van pote nan lwa natirel di kriye se dwa'w
Sajès bay bon konprann,fo'w aprann , pa vann dlo je'w se devwa w
fret kach tristes pa tach,ou se apach kriye pa kwa'w ni l'pa chwa'w
Ti grann ou son flanm fanm djanm, pa kriye!pito'w rele; ouve de bwa'w
Pou ou pa gen pe djòl fe tande vwa'w ,revandikasyon se atik nan lwa'w
Fom diw dlo je'w detenn sou natirel ou li kraze belte bote'w
Li etenn souri'w baw move ten fe moun pe rete kote'w
LE CONSULTANT

Kenbe la gasonm
RépondreSupprimer