focus: sou ti chez ba,de la Reflexion

mardi 31 octobre 2017

sou ti chez ba,de la Reflexion



Sou ti chez ba de la reflexion 
anba boulet kanno dezagreman,kadav ti neg nwè lote  
San zanset sevi lawouze anba ma,pou drapo’n flote  
San fwa  ni lwa,Raj rev pou’n te gen libete pat doze 
Pou yon maten  anba limaj reprezantasyon n, nou te poze  
Se pat yon ti koze,wi pou ble et wouj nou te oze  
Oze riske vi’n jouk lanbi lendepandans te sonnen 
E nan bastengal lamerik non ti sa te konnen 
De koulè kòkòday, ki vle di linite ansanm nou   
San diskriminasyon sosyal ,wi na fout gen yon nasyon atò  
Nan lespwa poun gade fyète’n ak tèt drèt ann yon akò  
Pou le drapo pou la patri,haiti devan libete ou lamò  
Sou yon sel pwen an nou tout mete dakò  

D’accord que cette terre doit appartenir aux noirs 
C’est ce que nos aïeux nous ont laissée comme héritage 
Non aux casques bleus, car ils ne sont pas du terroir 
Leurs présences sur le terrain ne devraient  etre plus qu’un simple passage 
Croyant être des maitres absolus, ils font la pluie et le beau temps 
Ils  se croient rois ,ils se croient dieux, avec leurs cheques en blanc 
Des propulseurs de guerre qui ne voient que leurs avantages 
O peuple noir, autour de la patrie qui est notre, serrons nos rangs  
Avec nous, pour nous et entre nous sans question de clan 

Il est enfin l’heure ou tout ne devrait être pas politique 
L’heure de bannir la médiocrité, source de diverse problématique 
L’instant de résoudre nos differends, soyons  beaucoup plus pragmatique 
Pour le pays et pour nos pères formons des fils. 
Des fils Eduqués et professionnels, ce sera plus qu’un simple bénéfice 
Ou leurs mentalités seront nouvelles, et pourront redéfinir l’être haïtien 
Qui se séquestre derrière l’idée sordide qu’ils haïssent les siens. 

Dako pou plim poul trayizon sispann boule sou maklouklou’n  
Le sa  ya sispann woule tete lespri n ,pou’n fouye pwop twou’n  
nou sonje byen jann maspinen depi nan pwop azoupoutou’n  
Ebyen se ra se ta,twop abse bati kapital chanmòt yo sou klou’n  
Twop po wete sou tanbou’n,Twop chay sou kou’n  
Rat mode soufle Akilirasyon, rale mennen vini vye blan krizet  
Fe’n bliye koule lokal,fanm kreyol dan blan jansiv vyolèt  
Je’n kale pou bon ,n pa vivi ,aba degouden satiyet  
Nan tet kole kom bousol, an verite n pap pran kout dwet .ni kou tret  
Viv Haiti pou haitien,nan dengonn opresè nap mete fret 
  
Sou ti chez ba  de la reflexion 
mmmmmmmm……..rezònman di’n ka ale lwen 
Si anba lenn ble e wouj la m kwè nan ou ,ou kwè nan mwen 
Pèsonn pa nan kwen tout moun men nan men,fyè’n se ayisyen 
Ansanm  na plante enfwastrikti pou rekolte devlopman demen 
 Sispann rele viv pou vant plen ,aba pou ti pyes monnen degouden 
Voye je gade fre nou dominiken ap maspinen 
Vi yo fe yo san valè ,yo pa fèt lopital ki di yo pa konn dousè  
plat men enfimyè, yo fet nan raje, nan nwè  
sou yon kokennchenn fey kann sèch ki ranje atè . 
yo pa mennen yon vi ki fyè 
 paske yo gen aki kriye aki rele  yo san idantite, yo san batistè 
Se gras ak lalin oubyen soley ki feyo konn limyè 
yo egare tankou tazann nan raje  
yo lage de bwa balanse,san yo pa konn kiyes yo ye  
yo bandone ak tout doulè yo pou yo san destine 
yo sanble tet koupe ak pitit loraj kale 
le yo rele pyes moun pa tande 
Okenn oganizasyon pa janm di anyen 
Kou nan sak pa nan avantaj yo nap fon pase men 
Toujou gon dwa de lòm kap fon miz o pwen 
Ayisyen atansyon pa kapon ann pran desten n an men 
Pa neglije anyen gade sa ki pou nou ak diyite 
Kreyol  lang zanset kite pou nou pa ka voye jete 
Kilti’n ki vi’npa ka meprise pou vye bogota gagot enpòte 
Danse sou kout tambou’n ,ti yayad nou paka bliye 
Se koulè lokal ,valè nasyonal kifè nou sa nou ye 

 Sou ti chez ba ,de la reflexion 
Malè avèti pa touye kokobe ,son opsyon 
Bwa piwo ke grenn pwomennen se vizyon 
nou finn demounize koz nou pedi mounite’n 
kokolos tet nou vire,nou pa eklere n we blan, yo manipile’n 
platfòm kè’n tanmen bat tanbou dezolasyon 
tankou bon lanj lavi kite’n 
paske nap jete krèm let la pou graten boule 
nouvel generasyon pa ankadre,yo finn ale,tout zèl 
nou bliye pa gen relèv,ansyen moun pa etènel 
Chacun crée son nom, pas de continuité dans les travaux 
On attire les triviaux et on repousse les hommes de cerveau 
On croit au lendemain pendant qu’on s’en fiche des erreurs du passé 
Repensons les choses, sinon on sera chamboulé. 





 

Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire